août 29, 2023

Perikadit (anflamasyon anvlòp kè ya)

Perikardit se anflamasyon nan perikad la (Manbran ki antoure kè a ak orijin gwo veso yo), se yon sak di double ki antoure kè a. Premye siy perikadit yo ka varye de moun an moun, men men kèk sentòm komen ki ka parèt byen bonè nan maladi a:

Doulè nan pwatrin: Doulè se sentòm ki pi komen nan perikardit. Anjeneral, li parèt tankou yon gwa manman doulè ki sevè, se kòm si moun te resevwa yon kout kouto nan pwatrin lan, souvan dèyè zo biskèt la. Doulè a ​​ka vin pi mal lè w respire ak fòs, touse, oswa lè ou bouje kò w de wo anba.

Doulè sa a ka gaye nan kou ak zepòl: Doulè ki soti nan perikadit ka vwoyaje nan kou a, zepòl, do, oswa bra. Yo rele sa radyasyon sa a ka fè yo konfonn li ak doulè nan kè oswa doulè ki gen rapò ak lòt pwoblèm.

Li pi rèd lè moun nan kouche: Moun ki gen perikadit ka jwenn soulajman pasyèl lè yo chita oswa panche an avan. Doulè a ​​ka vin pi sovaj lè moun nan kouche.

Souf kout: Souf kout ka rive akòz akimilasyon (ogmantasyon san rete) likid enflamatwa nan pericard la, ki limite kapasite kè a pou ponpe san avèk efikasite.

Lafyèv lejè: Yon lafyèv ki pa twò grav ka akonpaye enflamasyon perikad, byenke sa a pa toujou ka a.

Fatig: Fatig ka soti nan plis efò ke kè ap fè pou li ponpe san nan prezans enflamasyon perikad.

Tous sèk: Yon tous sèk ka devlope akòz iritasyon ki enstale nan perikad la ak pwoksimite li ak poumon yo.

Li enpòtan sonje ke sentòm sa yo ka sanble ak sa yo nan lòt maladi kè oswa nan poumon. Si ou gen sentòm perikadit, li rekòmande pou w konsilte yon pwofesyonèl medikal pou yon dyagnostik egzat ak tretman apwopriye.

Boukman

Leave a comment